Direktris depatmantal Sant Anbilansye Grandans lan, mis Carmelle Charlotin denonse otorite sanitè yo ki chwazi pa kolabore pou bay popilasyon an sèvis

132
0
Share:
TRiboLAND

10- 09 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Direktris depatmantal sant anbilansye a nan Grandans, Carmelle Charlotin denonse pasivite otorite sanitè yo ki pa vle kolabore pou bay manm popilasyon an ki totalman nan nesesite sèvis sanitè. Mis Charlotin pwan kòm ekzanp kesyon kouran an responsab yo koupe priz kap alimante biwo ki nan lokal konplex administratif lan nan Jeremi.
Selon Charlotin, pwoblèm sa a ki genyen ant responsab CAN yo ak direksyon depatmantal ministè sante piblik Grandans lan, genyen gro konsekans sou bon fonksyonman enstitisyon lap dirije a an tèm sèvis sant anbilansye Grandans ta dwe bay popilasyon an ki nan sitiasyon difisil e ki bezwen asistans sitou nan ka aksidan.

Nan sans sa, direktris la mande mesye dam yo nan nivo direksyon sanitè Grandans pou resezi yo antanke kad pwofesyonèl enstitisyon leta pou aji nan limit lwa sou fonksyon piblik ak objektif pou kolabore ansanm e bay kominote a sèvis san fòs kote.

Direktris Charlotin fini pou’l di, majorite responsab yo nan nivo direksyon depatmantal sanitè Grandans lan , genyen pwòp chapèl politik yo yap defann; sitou pou moman an ki se peryòd elektoral, kote ke chak responsab fonksyon piblik lan vle fè mn miz sou machinn, lajan, ak byen leta pou defann enterè yo sou kelkeswa fòm li ye a. Fas ak anòmali sa yo, responsab Sant Anbilansye Grandans lan, mande minis Sinal Bertrand pou di yon mo anfavè majorite a ki bezwen asistans CAN nan Grandans.

Share:

Leave a reply