Mèt Kerby Saint-Louis pran distans ak “Ansanm Nou Prale” ak gwo akizasyon sou Guyto Saurel

366
0
Share:
TRiboLAND

10/08/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèt Kerby Saint-Louis, youn nan eleman kle nan mouvman politik “Ansanm Nou Prale” nan Nòdwès, anonse li pran distans ak estrikti politik la, ki gen nan tèt li Guyto Saurel, kandida pou pòs Depite sikonskripsyon Pòdpe a. Nan plizyè mesaj li fè sikile sou WhatsApp, sitou nan echanj li avèk Bob Johnson Colas, Mèt Kerby Saint-Louis lanse gwo akizasyon kont kandida a. Li dekri Guyto Saurel kòm yon “pwostitye politik” ki, daprè li, ta plis enterese nan fè lajan nan Pòtoprens epi sèvi ak moun ki bò kote l yo pou ranfòse pwòp kapital politik li.

Mèt Kerby mete aksan tou sou relasyon mouvman an genyen ak Yon Vwa Pou Nòdwès ak Rekonsilye, kote, daprè deklarasyon li yo, plizyè finansman ta disponib pou reyalizasyon kèk aktivite. Li akize Guyto Saurel dèske li ta ap itilize moun ki angaje nan mouvman an san li pa bay yo konsiderasyon yo merite, pandan li konpare fason sa fèt ak yon sitiyasyon kote yo “woule moun nan farin tankou bòy”. Nan menm seri mesaj yo, li prezante ekip la kòm yon gwoup “eskanmòtè politik”, yon deklarasyon ki kapab soulve anpil reyaksyon nan mitan aktè politik yo nan Nòdwès.

Pozisyon Mèt Kerby Saint-Louis a kapab reprezante yon gwo kout van pou kanpay Guyto Saurel, sitou paske li vini nan yon moman kote mouvman politik yo ap chèche konsolide baz yo anvan pwochen eleksyon yo. Si lòt manm oswa sipòtè ta swiv menm direksyon an, sa ta ka vin yon siy feblès pou “Ansanm Nou Prale” nan sikonskripsyon Pòdpe a. Sepandan, akizasyon Mèt Kerby yo rete deklarasyon yon aktè politik ki pran distans ak mouvman an, e Guyto Saurel ak ekip li a poko bay yon repons piblik sou akizasyon sa yo.

Nan deklarasyon Mèt Kerby, ki site non yon seri gwo potanta nan mouvman ki kite, pwouve zafè “Ansanm nou prale a” rete yon eslogan. Men, lè sa bon, se Guyto Saurel sèlman ki ale.

Share:

Leave a reply