Twonchouchou : Fanmiy Bouget voye jete byen lwen tout akizasyon fanmiy Saint Louis ta lage sou do yo

56
0
Share:
TRiboLAND

10 – 08 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Fanmiy Bouget voye jete tout akizayon fanmiy Saint Louis ta lage sou do yo nan 3èm seksyon Twouchouchou nan lokalite Nan Plèn, kòmkwa yo genyen zam ilegal pou kanpe an fas yo pou anpeche yo kraze kloti yo pou fè wout ale nan swadizan yon lopital y’ap konstwi andan seksyon an.

Fanmi Bouget ki deklare se achifo ke yo pa konnen bagay zam kap pale a ditou ditou. Konsa, yo estime ke se yon dosye fanmiy Saint Louis ap fòje mete sou do yo. Yo itilize dosye lopital yo di y’ap konstwi a, pou yo regle zafè pèsonèl yo kont fanmiy Bouget.

Manm nan fanmiy Bouget deklare ke yo pa genyen pwoblèm pou fanmiy Saint Louis konstwi lopital la, paske daprè yo, lopital la ap itil yo nan kominote a; men sepandan, yo pa dakò pou yo kraze kloti yo bay fè wout paske genyen plizyè twonson ki bay aksè ak lopital la.

Nan sans sa a, fanmiy Bouget mande otorite yo nan lajistis nan jiridiksyon Tigwav, lameri ak lapolis pou al konstate ak 2 nawè yo kantite boulva wout ki bay aksè ak lopital fanmi Saint Louis deside konstwi nan zòn Nan Plèn, 3èm seksyon Twouchouchou, Tigwav. Yo ankouraje otorite yo pran yon parèy dosye oserye yon fason pou evite moun mouri nan kad konfli sila.

Share:

Leave a reply