Dwayen TPI Jiridiksyon Tigwav la, prezante bilan travay yo pou ane jidisyè 2025 – 2026 la.

90
0
Share:
TRiboLAND

10 – 05 – 2025

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon seremoni ki òganize nan sal dodyans # 1 tribinal premye enstans sivil jiridiksyon Tigwav la jodi lendi 05 oktòb 2026 lan, dwayen Duclair Fritzner prezante bilan aktivite travay yo pou lane jidisyè 2025 – 2026 lan.

Yon seremoni ki te dewoule an prezans divès pèsonalite nan sistèm jidisyè a, konsèy lòd avoka yo, kèk lòt reprezantan nan leta a, pami yo, lapolis, notè, apantè ak manm nan popilasyon sivil la.

Dwayen Duclair nan diskou li nan sikonstans lan, te prezante bilan an, li fè konnen pou afè sivil, yo trete 75 ka, pou afè koreksyonèl yo trete 102, pou afè koreksyonèl evakye 99, jijman divòs 24, afè vakye 24, afè kriminèl anwole 60, afè evakye 51 ak afè komèsyal 4.

0DYANS REFERE: Anwole 99, evakye 85, odyans annabeyaskòpous 58, odyans evakye 47. Dosye refere nan kabinè denstriksyon 322, dosye evakye 179, òd dapantaj delivre 230, epi òdonans grasye 135.

Toutfwa, dwayen tribinal Fritner Duclair, estime bilan travay jidisyè nan jiridiksyon Tigwav pou lane 2025 – 2026 lan, trè satisfezan; e se gras ak ansanm kolaboratè yo nan tout sektè tankou: jij depè yo, paketye yo, avoka, isye, grefye, lapolis pou ‘n site sa yo sèlman.

Share:

Leave a reply