Jistis nan Pòdpe : Ane jidisyè 2026-2027 la ouvè sou yon bilan 250 dosye trete pou ane pase a

258
0
Share:
TRiboLAND

10/05/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Ane jidisyè 2026-2027 la ofisyèlman louvri nan jiridiksyon Pòdpe a, jodi lendi 5 oktòb 2026 la. Nan diskou li, Dwayen Tribinal Premye Enstans Pòdpe a, Mèt Ernest Kepler Desravines, prezante bilan ane jidisyè ki sot pase a. Malgre mwayen limite, plizyè asiz san asistans jiri te fèt, ansanm ak yon asiz avèk asistans jiri, gras ak sipò pakètye, Bawo a, Biwo Asistans Legal, kolaboratè ak antreprenè nan jiridiksyon an. Anviwon 50 dosye te tande nan kad asiz yo, yon pèfòmans Administratè tribinal la estime ki poko rive nan okenn lòt jiridiksyon.

Sou plan sivil, tribinal la trete 60 dosye, pandan li jije 65 dosye divòs, 63 dosye refere ak Habeas Corpus, 15 dosye pwofesyonèl ak 2 dosye travay. Nan total, Tribinal Premye Enstans Pòdpe a rive trete anviwon 250 dosye pandan ane jidisyè ki sot pase a. Dwayen an pwofite okazyon an pou mande otorite konsène yo mete plis materyèl woulan disponib pou Majistra yo, ranfòse pèsonèl ak lòt vid ki genyen nan sistèm nan, yon fason pou tribinal la kapab amelyore efikasite li.

Kesyon materyèl ak enèji rete youn nan pi gwo defi jiridiksyon an. Dwayen Ernest Kepler Desravines fè konnen de jeneratris tribinal la ap sèvi depi anviwon 20 an e yo kòmanse pèdi kapasite yo, sa ki rann nesesè pou otorite yo mete yon nouvo sous enèji flanban nèf ansanm ak lòt materyèl ki nesesè pou bon fonksyònman enstitisyon an. Nan fen diskou li, Dwayen an remèsye tout aktè ki te kontribye nan reyisit ane jidisyè 2025-2026 la, pandan li lanse yon nouvo apèl pou kolaborasyon pou ane jidisyè 2026-2027 la.

Share:

Leave a reply