Prezidan pati politik An Fòs Pou Ayiti a, Walson Sanon plede anfavè remaniman dekrè lwa elektoral 2026 lan

70
0
Share:
TRiboLAND

10 – 04 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRboLAND) Prezidan pati politik An Fòs Pou Ayiti a, Walson ki tap entèvni nan mikro laprès, mande konsèy elektoral pwovizwa a ak tout gouvènman Alix Didier Fills Aime, pou refè dekrè lwa elektoral lan. Selon lidè a, se yon seri dekrè ki pa genyen anyen pou wè ak prensip debaz sosyete jeremyènn lan.

Mesye Sanon ale pi lwen pou mande tout lòt sektè politik nan peyi a ki pa vle mesye dam sistèm anplas la plonje peyi nan kawo plis ke jan yo mete’l deja a, ki se mizè, ensekirite jeneralize. Li ankouraje yo mete tèt ansanm e fè yon feso ak ekip Anfòs Pou Ayiti an, yon fason pou fòse pouvwa a ak manm konsèy elektoral pwovizwa a mete sou pye yon pi bon dekrè lwa elektoral. Yon seri lwa ki kadre ak fonksyonman pati politik yo ak Konstitisyon 1987 lan; toujou pou Walson Sanon sa ap fasilite yon eleksyon lib, onèt e demokratik.

Finalman prezidan pati politik An Fós Pou Ayiti an Walson Sanon ki fè pati platfòm politik Anfòs Pou Ayiti, ki regwoupe yon dizènn pati politik ke leta ayisyen rekonèt via ministè lajistis ak sekirite piblik. Daprè prezidan Sanon, jouk nan moman nap pale a, Anfòs Pou Ayiti pa enskri okenn kandida pou eleksyon mesye dam KEP yo ak manm gouvenman Alix Didier Fills Aime an prevwa fè pou 13 desanm 2026 kap vini an .

Share:

Leave a reply