Lekòl Pwofesyonèl Osnel Clairilus pran dife nan Jan Rabèl, anviwon 10 òdinatè elatriye boule

235
0
Share:
TRiboLAND

09/27/2026

Jan Rabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Lekòl Pwofesyonèl Osnel Clairilus, ki chita nan lokal Lise Louis Joseph Janvier nan Jan Rabèl, viktim yon zak, kote endividi yo pa rive idantifye transfòme espas la an sann dife, nan lannwit samdi 26 septanm 2026 la, vè 11è. Zak malonèt sila, lakòz gwo dega materyèl, pami yo anviwon dis òdinatè ansanm ak lòt ekipman ki te disponib pou fòmasyon jèn yo nan anviwon 11, opsyon pwofesyonèl.

Sa ki soulve plis kesyon nan ensidan sa a, se lefètke, daprè enfòmasyon yo, se espas Lekòl Pwofesyonèl Osnel Clairilus la sèlman ki pran dife, pandan li twouve l nan menm lokal ak Lise Louis Joseph Janvier. Sitiyasyon sa a bay plas ak anpil entèwogasyon sou objektif zak la ak moun ki ta ka dèyè li. Pou kounye a, pa gen enfòmasyon ofisyèl sou idantite otè zak la oswa etabli klèman motif ki ta eksplike ensidan an.

Zak sa a pwovoke endiyasyon nan mitan moun nan kominote a, sitou akoz enpòtans yon lekòl pwofesyonèl genyen nan fòmasyon jèn yo ak devlopman kominote a. Responsab lekòl la ak lòt aktè konsène yo ap bezwen evalye kantite pèt yo epi pran mezi nesesè pou pèmèt aktivite fòmasyon yo reprann nan pi bon kondisyon. Otorite ki konsène yo envite pou mennen ankèt sou ensidan an, idantifye moun ki responsab yo epi mete tout limyè sou sikonstans ki antoure dife a.

Osnel se youn nan gran sitwayen kap sakrifye li depi yon bon bout tan nan delivre fòmasyon bay jenès la atravè plizyè depatman. Li reyalize anpil e petèt pi plis ke yon seri granmanjè kap gagote nan sakèt Leta peyi a, pa menm reve reyalize pou jèn yo menm nan dòmi.

Kouraj Osnel, yon lè lap jou, kote ke edikasyon ap reyèlman pran plas pwogram “tisourit” ak “atè plat” kap efondre peyi a!

Share:

Leave a reply