KAPAB antre nan batay elektoral Nòdwès la, ant espwa, dout ak gwo kesyon sou kandida yo

138
0
Share:
TRiboLAND

09/21/2026

Nòdwès, Ayiti _____(TRiboLAND) Gwoupman politik KAPAB prezante plizyè kandida li yo nan depatman Nòdwès la, nan yon moman kote machin elektoral la ap pran vitès. Estrikti a gen ladan l MOSANOH, ki gen nan tèt li ansyen palmantè François Lucas Sainvil, ki li menm ap patisipe nan kous pou Sena a. Prezantasyon kandida yo vin fèt nan yon kontèks kote CEP a bay estrikti politik yo yon nouvo delè jiska 9 oktòb 2026 pou enskripsyon kandida yo ak depo pyès yo.

Pami non ki soulve diskisyon genyen Hégèl Josué, ki deja patisipe nan konpetisyon elektoral pou sikonskripsyon Pòdpe a 2 fwa deja men ki pa janm prezante ak yon estanda ki montre li gen notoryete ak lidèchip pou pèp la ta fè l konfyans. Gen kèk moun ki di yo ta renmen wè plis prezans ak aksyon piblik nan men kandida yo anvan yo fè yon apresyasyon sou kapasite yo. Konsènan François Lucas Sainvil, gen moun ki mete aksan sou eksperyans li nan politik depatmantal la, pandan lòt moun ap mande pou kandida a prezante yon vizyon pi klè sou fason li ta reprezante Nòdwès nan Sena a. Sa yo rete opinyon diferan ki egziste nan espas piblik la, sitou anpil moun ta swete gen san nèf nan echekye politik la.

Pou pòs majistra Pòdpe a, prezantasyon katèl Majistra MOSANOH a nan vil Pòdpe poko parèt konplè selon enfòmasyon k ap sikile nan anviwònman politik la. Vil Elvius, ki te deja site nan diskisyon yo, poko konfime piblikman kandidati li, pandan lòt 2 yo pa vrèman gen pwa nan balans politik la.

KAPAB gen plizyè lòt non tou pou lòt sikonskripsyon yo, sa ki montre konpetisyon an ap pran fòm. Pandan kanpay la ap avanse, se pwogram, pwofil ak angajman chak kandida ki pral bay elektè yo plis eleman pou yo fè pwòp chwa yo. Li rete pou nou tann!

Share:

Leave a reply