Kòdonatris òganizasyon politik Fanmiy Lavalas la, fè konnen li enposib pou genyen eleksyon nan mitan fenomèn ensekirite sila

09 – 10 – 2026
Pòtopwens, Ayiti _____ (TRiboLAND) Kòdonatris pati politik Fanmiy Lavalas la, madam Maryse Nacisse deklare eleksyon onèt, kredib ak demokratik pap kapab reyalize avèk pwoblèm ensekirite jeneralize kap bwase bil peyi a.
Majòjon Fanmiy Lavalas la, madam Nacisse denonse ansanm iregilarite li di ki genyen nan pwosesis elektoral la; ki lakoz eleksyon yo pap posib tankou : perèz li di ki genyen bò kote elektè yo pou yo al enskri, li pale de yon fèb enskripsyon elektè, e enskripsyon kadida yo. Li fè konnen se apèn si genyen 5,000 enskri sou plis pase 600, 0000 ki genyen laj pou yo vote nan eleksyon pouvwa defakto Alix Didier Fils Aime dekonsè ak KEP ki prevwa reyalize 13 desanm 2026 kap vini la a.
Madam Nacisse ki deklare ke sekirite popilasyon an pa garanti, alòske zak vyolans ak kidnapping pa sispann monte balkon. Li konfime ke yo vle eleksyon, men yo pavle nenpòt ki eleksyon; li presize yo vle yon solisyon dirab nan kesyon ensekirite a, se sekirite dabò avan tout eleksyon. E li menm ap poze tèt li kesyon pou konnen èske yon sèl estrikti politik tankou Fanmiy Lavalas ap kapab pote solisyon nan kriz tout kalite kap brase bil peyi a.
Nan sans sa a, alatèt òganizasyon pati politik Fanmiy Lavalas la, madam Maryse Nacisse pwopoze pou genyen chita pale ak tout sektè nan lavi Nasyonal la yon fwa pou tout; konsa, pou rive jwen yon konsansis negwosye nan divès kriz kap ravaje peyi a depi plizyè lane. Madam Marise fè seri deklarasyo sa yo, aprè yon chita pale ant plizyè pati politik ayisyen yo ak manm Karikòm yo nan Pòtopwens.






