Direktè APN Tigwav la enskri kòm elektè pandan l anonse ofisyèlman kandidati li pou pòs majistra pou komin Tigwav.

95
0
Share:
TRiboLAND

08 – 29 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Direktè APN Tigwav la, an menmtan kòdonatè kazèk 2èm seksyon kominal Tigwav, Wilken Dicette enskri ak tout ekip li jounen jedi 27 dawout 2026 la, kòm elektè pou al vote nan pwochèn eleksyon ke konsèy elektoral pwovizwa a prevwa reyalize nan dat 13 desanm kap vini la a.

Mesye Dicette, nan yon deklarasyon ofisyèl li fè nan laprès pou anonse kandidati li kòm kandida pou pòs majistra pou pran tèt meri Tigwav la, sa pa anpeche li genyen gwo dout sou reyalizasyon anndan peyi a. Li di ke li enskri tèt li se yon fason bay mouvman eleksyon yo jarèt ak ankouraje lòt moun nan popilasyon Tigwavyèn vin enskri pou yo al vote nan pwochèn eleksyon yo.

Pou Wilken Dicette, li enpòtan pou ta genyen eleksyon yon fason pou renouvle pèsonèl politik la pou mete kanpe tout enstitisyon yo ki kraze plat atè, pandan li kwè ke peyi a pa kapab kontinye nan etènèl tranzisyon.

Share:

Leave a reply