Me Arnel Auguste, nouvo Delege depatmantal Nòdwès la

126
0
Share:
TRiboLAND

08/12/2026

Pòdepè, Ayiti _____(TRiboLAND) Depatman Nòdwès la finalman gen yon nouvo Delege depatmantal. Me Arnel Auguste, avoka ki enskri nan Bawo Pòdepè a, se pèsonalite ki chwazi pou okipe pòs Delege depatmantal Nòdwès la, nan konsèy Minis yo ki fèt jodi madi 11 dawout 2026 la.

Daprè enfòmasyon, Me Arnel Auguste se yon pwofesyonèl Dwa ki gen eksperyans nan plizyè domèn. Li se pitit notè Fresnel Auguste, yon pèsonalite byen koni nan depatman an. Nouvo Delege a te deja travay nan plizyè estrikti, pami yo Mouvman Lakwa Wouj la ansanm ak lòt òganizasyon lokal ak entènasyonal.

Nominasyon sa a rive nan yon moman kote absans yon Delege depatmantal te soulve anpil kesyon nan Nòdwès, sitou sou kesyon kowòdinasyon aksyon Leta yo nan depatman an. Delege depatmantal la jwe yon wòl enpòtan nan reprezante pouvwa egzekitif la nan depatman an, kowòdone travay sèvis dekoncentre yo epi fasilite dyalòg ant diferan otorite yo.

Avèk nominasyon Me Arnel Auguste, anpil sitwayen ap tann pou wè ki direksyon nouvo administrasyon depatmantal la pral pran. Gwo defi tankou sèvis piblik, kowòdinasyon ant enstitisyon yo, pwoblèm sekirite, asistans sosyal ak devlopman lokal rete pami prensipal dosye nouvo Delege a pral gen pou l abòde.

Pou kounye a, nominasyon sa a make yon nouvo etap nan administrasyon piblik Nòdwès la. Je popilasyon an ap rete fikse sou aksyon Me Arnel Auguste pral poze nan nouvo fonksyon li a, ansanm ak kapasite li pou pote plis efikasite ak kowòdinasyon nan travay Leta nan depatman an.

Selon kèk sous ke moun kapab fè konfyans, Me Auguste ki genyen orijin nan yon famiy ki lwayàl, onèt e respekte nan vil Pòdpè, patikilyèman nan pase yo nan sèvis piblik, kòman lap kapab adrese pwoblematik kwonik Nòdwès lè ou konpwan se Chanm Komès Nòdwès la ki ta sanble parachite li nan yon parèy pozisyon?
Kèk kritik ta vle kwè, se yon teknik dirijan ak politisyen demolisè peyi a itilize pou yo epwize jèn kad serye anndan peyi e depoze yo aprè avèk anpil malonètete lè yo pa vle antre nan kòripsyon.

Share:

Leave a reply