Pri gaz la fè yon ti bese tou piti sou mache nasyonal peyi Dayiti a.

49
0
Share:
TRiboLAND

07 – 05 – 2026

Pòtopwens, Ayiti ____ (TRiboLAND) Pri gaz la desann sou mache nasyonal la nan ponp yo, nan kad yon desizyon Konsèy konsiltatif la pran nan tèt ansanm ak gouvènman an nan dat vandredi 03 jiyè epi pibliye samdi swa 04 jiyè 2026 lan.

Men kòman pri gaz la fikse nan ponp yo sou mache nasyonal la : galon gazolin ki te 700 goud pou koulya pase a 650 goud; galon gazoy la ki te 790 goud, pase a 700 goud, galon kewozèn nan ki te 785 goud pou koulya pase a 690 goud.

Toutfwa, gouvènman an endike revizyon tarifyè sa a adopte sou rekòmandasyon Konsèy konsiltatif la ki chaje devalye evolisyon mache pwodiksyon petwolyè yo; sepandan, anpil sitwayen bat bwavo pou yon parèy ejeretyen pandan ke yo deklare ti kokad sila ke yo retire sou katafal pri kabiran, pa ase ditou ditou pou ta amelyore lavi chè kap bwase bil popilasyon an.

Share:

Leave a reply