Site Champin anba tansyon, Rezidan yo refize “blòf” otorite yo sou netwayaj kanal yo

05/15/2026
Okap, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon klima tansyon te anvayi katye Site Champin nan Kap Atisyen jodi jedi 14 me 2026 la, apre plizyè rezidan te opoze ak dap piyanp sou kèk ekipman ki t’ap sèvi nan netwayaj kanal yo. Daprè temwayaj plizyè moun nan zòn nan, travay yo poko menm rive nan etap final yo, pandan otorite yo deja kòmanse retire yon dezyèm machin sou chantye a. Sitiyasyon sa a kreye gwo kòlè nan mitan popilasyon an ki santi yo abandone devan pwoblèm inondasyon ak salte ki kontinye menase lavi yo chak fwa lapli tonbe.
Manifestan yo fè konnen yo pa vle pran “blòf” nan men gouvènman an ankò. Pou yo menm, si ekipman yo kite zòn nan avan travay yo fini nèt, sa montre klèman pa gen volonte reyèl pou rezoud pwoblèm drenaj ak anviwònman ki ap toumante Site Champin depi plizyè lane. Kèk rezidan menm te kanpe devan machin yo pou anpeche yo kite zòn nan, pandan yo t ap mande otorite lokal ak santral yo pran angajman serye pou finalize netwayaj kanal yo.
Sitiyasyon an te kreye gwo mouvman nan katye a pandan plizyè sitwayen t ap swiv evènman yo ak anpil enkyetid. Anpil moun kwè si travay yo pa kontinye jan sa dwe fèt, premye gwo lapli yo kapab lakoz nouvo inondasyon ak domaj materyèl nan zòn nan. Rezidan Site Champin yo mande aksyon konkrè olye pwomès, pandan yo lanse yon apèl bay otorite konsène yo pou mete anplas yon plan dirab pou pwoteje kominote a kont katastwòf anviwonmantal yo.






