Okap : Yon jèn 19 lane arete pou mete mayo ak kòd Lapolis pou al nan kanaval

159
0
Share:
TRiboLAND

02/19/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan vil Kap Ayisyen, Lapolis mete anba kòd yon jèn gason ki rele Dolcé Ronelson, ki gen 19 lane, apre yo te jwenn li ak mayo ak kòd Lapolis sou li pandan peryòd kanaval la. Selon enfòmasyon ki disponib, Ronelson te kanpe devan komisarya Okap la lè ajan yo remake li ak rad ki idantifye kòm rad fòs lòd yo, sa ki pouse yo entèvni rapidman pou arete li.

Daprè deklarasyon jèn gason an, li sòti nan lokalite Kanlwiz nan komin Lakil Dinò. Li ta esplike li pran rad polisye yo nan gad kòt la, paske daprè li, li konn rann polisye yo kèk sèvis. Sepandan, zak sa a soulve gwo kesyon sou kesyon sekirite ak itilizasyon ilegal inifòm ofisyèl, sitou nan yon moman kote foul moun ap rasanble pou selebre kanaval.

Pou kounye a, Ronelson rete nan gadavi nan komisarya Okap la, pandan otorite jidisyè yo ap prepare swit legal ki apwopriye yo. Dosye sa a raple enpòtans respè pou inifòm ak senbòl Leta, epi nesesite pou ranfòse mezi sekirite pandan gwo evènman piblik yo.

Share:

Leave a reply