KEP tanmen yon seri seyans fòmasyon pou jounalis nan rejyon gwavyèn nan, nan komin Tigwav.

05 – 13 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Sou inityativ Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP), plizyè fòmatè ki soti nan kapital la, tanmen yon seri seyans fòmasyon nan otèl Fòwayàl Tigwav pou jounalis nan rejyon gwavyèn nan. Aktivite sòlòkòtò sila yo ki demare jounen lendi 11 me 2026 la, chita sou tèm “jesyon enfòmasyon nan peryòd elektoral”.
Selon fòmatè yo, inisyativ sa a, vize sansibilize jounalis yo, yon fason pou fasilite yo genyen yon kouvèti pwofesyonèl epi kontribye nan yon klima enfòmasyon medyatik, kredib ak transparan nan kad pwochèn eleksyon yo ki prevwa dewoule nan peyi Dayiti, nan dat 30 dawout 2026 kap vini la a.
Nap siyale, seri seyans fòmasyon KEP yo, gaye atravè dives depatman, kote plizyè santèn jounalis sansibilize pou yon pi bèl kouvèti elektoral. Antouka, seyans fòmasyon jounalis yo nan rejyon gwavyèn nan ap fini jounen mèkredi 13 me 2026 la.






