Pòdpè, BSAP Nòdwès sezi materyèl moun k ap fouye sab anba pon Twa Rivyè a

05/08/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Responsab BSAP nan depatman Nòdwès la, Métayer Robiner, ansanm ak ajan ki anba kòmandman li yo, mennen yon operasyon anba pon Twa Rivyè a nan Pòdpe kote yo sezi plizyè materyèl moun t ap itilize pou fouye sab ak gravye. Daprè enfòmasyon yo, plizyè jèn gason ak jèn fanm te konn rann yo anba pye pon an pou retire sab ak gravye pou vann.
Selon responsab BSAP la, aktivite sa yo reprezante yon gwo danje pou estrikti pon Twa Rivyè a, ki se youn nan pasaj enpòtan ki konekte Pòdpe ak rès komin yo nan ba Nòdwès. Operasyon an te fèt nan lide pou mete yon fren ak pratik sa yo ki kapab lakoz degradasyon anviwònman an ak febli fondasyon pon an sou tan.
Plizyè sitwayen nan zòn nan ap mande otorite konsène yo pou voye je sou sitiyasyon pon Twa Rivyè a yon fason pou pwoteje enfrastrikti a kont tout aksyon ki kapab mete lavi moun ak sikilasyon an, an danje. Yo estime li nesesè pou Leta pran mezi rapid pou kontwole eksplwatasyon sab ak gravye nan zòn nan.






