Eskandal nan Mèri Pòdpè, Yon polisye minisipal bay demisyon li ak gwo akizasyon

05/05/2026
Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon nouvo tansyon leve nan Mèri Pòdpè apre polisye minisipal Robert Aceley Fénelon deside bay demisyon li ak efè imedya. Nan yon lèt li adrese bay majistra Ralph Moreau, dat 5 me 2026, li fè konnen li pa kapab kontinye egzèse fonksyon li ankò akoz kondisyon travay li ke li estime ki pa aseptab.
Nan dokiman an, ansyen ajan an esplike li te viktim yon sitiyasyon li kalifye kòm enjistis, kote li di li te pase anviwon 30 minit an gadavi san rezon valab, pandan li t ap sèvi nan enstitisyon an. Li denonse tou mank pwoteksyon ak absans yon anviwònman sekiritè ak pwofesyonèl, ki selon li rann travay la difisil e menm danjere pou kontinye.
Demisyon sa a soulve kesyon sou jan jesyon ak tretman anplwaye yo fèt nan nivo Mèri Pòdpè a. Plizyè obsèvatè kwè ka sa a ta dwe pouse otorite yo pran mezi pou amelyore kondisyon travay ak respekte dwa ajan yo. Jiskaprezan, okenn reyaksyon ofisyèl pa soti bò kote responsab yo, pandan dosye a kontinye ap fè pale nan opinyon piblik la.






