Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Aken an, Guy Mondelus remèt komisè Herard Joseph prezime kriminèl Paul Apolon alyas Siyon.

04 – 28 – 2026
Tigwav, Ayiti _____(TRIboLAND) Komisè polis Tigwav la, mesye Herard Joseph nan yon entèvyou li bay kèk jounalis lokal jounen madi 28 avril la, konfime li resevwa prezime kriminèl Paul Apolon alyas siyon.
Selon komisè Herard Joseph, se chèf pakè jiridiksyon Aken an, Guy Mondelus ki te nan yo delegasyon akonpaye divès polisye, ki mennen akize a ba li nan komisarya Tigwav la. Prezime kriminèl la, te abiye ak yon chemiz blan boutmanch, yon bout pantalon ble maren ak yon san sandal nwa nan pye li.
Pou kounye a, Paul Apolon alias Siyon ap reflechi nan prison sivil Tigwav la, annatandan la’l repon’n kesyon lajistis pou zak yo repwoche li.
Nap raple, Paul Apolon alias Siyon te jwen arestasyon ni nan jiridiksyon Aken an, samdi 25 avril 2026 pase a. Siyon, ki te genyen manda damne dèyè li, te anba rada lapolis ak lajistis nan Tigwav ki pat sispann bouske li tankou chyen fou. Yo akize li deske li te enplike ni nan lanmò James Fremond nan dat 5 oktòb 2021, nan lokalite Fòlibète, 11èm seksyon Ravin Sèch, Tigwav.






