MENFP anonse ouvèti ofisyèl 7 nouvo lise nasyonal nan plizyè depatman

TRiboLAND.com
Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) anonse ouvèti ofisyèl sèt nouvo lise nasyonal nan depatman tankou : Sid, Nòdwès, Grandans e Sant.
Selon anons MENFP la, desizyon sila deja aplikab pandan piblikasyon nòt ofisyèl la; ki konsène egalman lise nasyonal Despas (Koto), Batis ak Kwa Fè (Sant), Mare-Savon, Dodann ak Pòs Metye (Nòdwès), san bliye Dikiyon (Grandans). MENFP rabat pou li esplike nan anons ofisyèl la, ke desizyon sa yo genyen anpil pou wè avèk volonte Leta a pou bay edikasyon an jarèt ak fasilite ansèyman segondè pou etidyan yo nan divès komin.
Antouka, sou menm nòt sila, minis Edikasyon nasyonal la ak Fòmasyon pwofesyonèl, Vijonet Demero fè konnen fonksyonalite nouvo espas aprantisaj sa yo, akse plis nan bay avantaj ak opòtinite pou ti chovi kap viv nan zòn aryè peyi a, kapab jwen bon jan fòmasyon djanm.






