Nòdwès : Bilan pozitif pou Asiz kriminèl san jiri, tribinal la anonse retou jiri an jiyè 2026

45
0
Share:
TRiboLAND

04/28/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad fonksyònman sistèm jidisyè a nan jiridiksyon Pòdpe a, Asiz kriminèl san asistans jiri ki te dewoule soti 13 pou rive 27 avril 2026 la bay yon bilan ki konsidere kòm ankourajan. Sou 22 dosye ki te sou tab la, ki te enplike 30 akize, otorite jidisyè yo rive jije plizyè ka enpòtan malgre difikilte estriktirèl yo.

Daprè bilan ofisyèl la selon deklarasyon Dwayen an ki se Mèt Ernest Keppler Desravines, 16 akize jwenn kondanasyon, 4 lòt endividi jwenn liberasyon yo, tandiske 3 dosye oblije ranvwaye pou rezon pwosedi oswa mank eleman. Rezilta sa yo montre yon efò pou redwi reta nan tretman dosye kriminèl yo, sitou nan yon kontèks kote kesyon sekirite ak jistis rete yon gwo defi pou popilasyon an.

Dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòdepè a, Me Ernst Marie Kepler Desravines, pwofite fè konnen objektif pwochen etap la se retabli Asiz kriminèl avèk asistans jiri. Li anonse pou mwa jiyè 2026 la, jiridiksyon an ap òganize sesyon ak jiri, yon demach ki vize ranfòse transparans, patisipasyon sitwayen ak kredibilite nan rann jistis la.

Share:

Leave a reply