DRAM NAN NÒDWÈS, YON JÈN FI PÈDI LAVI LI NAN INONDASYON RIVYÈ DÈ NÈG

143
0
Share:
TRiboLAND

04/24/2026

SenLwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon trajedi frape komin Sen Lwi Dinò nan depatman Nòdwès la, kote yon jèn fi ki rele Eveline Ensikoki pèdi lavi li pandan gwo lapli ki t ap tonbe nan semèn nan. Dapre enfòmasyon yo, evènman an rive nan zòn Rivyè Dè Nèg, kote dlo a te monte rapidman akoz entanperi ki frape plizyè komin nan rejyon an.

Selon responsab Pwoteksyon Sivil Nòdwès la, Yfrene Monfort, viktim nan t ap eseye travèse rivyè a nan moman lapli t ap tonbe ak fòs, sa ki lakoz dlo a vin desann ak vyolans. Sitiyasyon sa a mete ankò an limyè danje ki genyen lè moun ap pran risk pou travèse rivyè anfle, espesyalman pandan sezon lapli.

Anplis pèt lavi sa a, move tan an lakoz gwo domaj nan enfrastrikti nan plizyè zòn nan Nòdwès la. Wout ki soti Pòdpè pou monte Ansafolè koupe nan plizyè seksyon, sa ki rann sikilasyon difisil pou transpò piblik ak prive. Sitiyasyon an mande entèvansyon rapid otorite yo pou reyalize reparasyon ijan epi pwoteje lavi ak byen popilasyon an.

Share:

Leave a reply