Dram : Yon relasyon santimantal manke okazyone 2 jèn pèdi lavi yo nan vil Okay

166
0
Share:
TRiboLAND

04 – 20 – 2026

Okay, Ayiti ____ (TRiboLAND) Valenti Denice blese mennaj li Samantha Joseph ak bal epi li bless tèt pa li, nan Okay, jounen dimanch 19 Avril 2026 lan, nan depatman Sid peyi a.

Selon enfòmasyon ki disponib, ensidan sa a rive, se paske aprè 9 lane renmem, Sanmantha deside kraze relasyon an, Valentin Denice fè konnen pa genyen bagay konsa pyès. Konsa, san li pa mande ki mò ki touye lanperè; li rale zam li, li tire mennaj li Samantha epi li tire tèt li egalman.

Antouka, se gro konstènasyon ak doulè mare senti ki anvayi 2 fanmiy konsène yo. Sa ki etone anpil moun, 2 moun yo vivan, yap resevwa swen ke ka yo nesesite nan yon lopital nan vil Okay.

Sepandan, enfòmasyon yo ta vle fè kwè ke pa genyen arestasyon ki arive fèt. Yon dosye ke anpil moun nan popilasyon an ap swiv avèk anpil atansyon.

Share:

Leave a reply