40 fanm resevwa fòmasyon nan apikilti, nan Vyalè premyè seksyon kominal Tigwav

105
0
Share:
TRiboLAND

04 – 14 – 2026

Tigwav, Ayiti ____TRiboLAND) Anviwon 40 fanm resevwa fòmasyon nan apikilti (elvaj abèy) nan Vyalè premyè seksyon kominal Tigwav, lokalite Sous Pino, lendi 13 avril 2026 lan.

Kòdonatris òganizasyon UDREFH Fanm yo, madam Nancy Decejour Policier, fè konnen seyans fòmasyon sila a, vize ranfòse konpetans fanm riral yo epi valorize otonomi yo atravè aktivite jeneratris yo. Militant UDREFH Fanm yo, madam Nancy deklare, apikilti sa yo rele elvaj abèy la , genyen yon fòt posibilite ki bay medam yo opòtinite ekonmik pandan yap kontribye pou prezève anviwonman an epi valorize resous lokal yo.

Toutfwa, pandan kloti seyans fòmasyon an, patisipan yo resevwa materyèl pou pran swen abèy yo; pami yo, bòt, padsi, gan ak mas. Alatèt UDREFH Fanm nan, madam Nancy Decejour Policier te anonse pwochen fòmasyon yo, se pral nan 2èm ak 3èm seksyon kominal Tigwav.

Share:

Leave a reply