TRiboLAND Senlwidisid oganize 3 jou fòmasyon gratis ki louvri pòt sou avni pou jèn yo ak fanm yo

04/05/2026
Senlwidisdid, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon bèl anbyans solidarite ak aprantisaj nan moman semen sent lan, Fondasyon TRiboLAND reyalize yon 3 jounen fòmasyon nan Senlwidisid soti vandredi 3 pou rive jodi dimanch 5 avril 2026 la, kote plizyè dizèn patisipan te reyini pou aprann nouvo metye ak teknik ki kapab ede yo devlope aktivite ekonomik pa yo san yo pa peye yon goud Lesko. Aktivite a te dewoule nan okazyon selebrasyon fèt Pak la, sa ki te pote plis chalè ak espwa nan mitan kominote a. Premye jou a te rasanble 55 patisipan, tandiske dezyèm jou a te monte rive 64 moun, malgre kèk absans te note nan premye sesyon an.
Pandan de premye jou yo a, gras ak pwofesyonalism fomatè Wood, patisipan yo te resevwa fòmasyon sou plizyè domèn pratik tankou: fabrikasyon savon solid ak likid, preparasyon swavitel, kremas, pafen, vinèg, ansanm ak teknik dekoupaj ak enpresyon ak lank plastisol. Twazyèm jou a make yon lòt etap enpòtan ak atelye sou tretman cheve, enpresyon siblimasyon ak itilizasyon papye transfer opak, ki se konpetans ki gen anpil valè nan antreprenarya modèn ak endistri kreyatif la ki reyelman ap chemen’l nan Kontinan Afriken an.
Responsab yo salye gwo mobilizasyon patisipan yo ak angajman tout ekip la pou mete konesans sa yo disponib pou popilasyon an. Yon remèsiman espesyal ale pou Louis Louissaint alyas (Papa Loulou”, reprezantan TRiboLAND.com pou sipò ak vizyon li, ki kontinye ede bati avni pou anpil jèn ak fanm atrave repiblik la. Fòmasyon sa a se yon bèl egzanp sou fason kominote a ka mete tèt ansanm pou kreye opòtinite, ranfòse kapasite moun yo, sove chovi yo anba grif gang, pwostitisyon ak delenkans jivenil, epi ankouraje devlopman lokal.






