Dram nan Fòlibète : lajistis dekouvwi kat kadav nan yon sèl fanmiy

03/03/2026
Fòlibète, Ayiti_____(TRiboLAND) Lajistis nan Fòlibète dekouvri nan jounen jedi 2 Avril 2026 la, kat (4) kò san vi, manm nan yon sèl fanmiy, chita bò yon tab nan sal manje lakay yo.
Viktim yo ki se Esther Pierre ak Gabriel Pierre se 2 elèv ki te nan klas Reto ansanm ak papa yo Louissaint Pierre e manman yo Marie Lisette Durosier.
Daprè dènye enfòmasyon ke TRiboLAND.com arive boske, yo jwenn tout manm fanmiy sa nan menm pozisyon, yon endis ki ogmante kesyon ak enkyetid sou sikonstans lanmò yo.
Daprè premye konsta otorite legal yo fè sou plas krim nan , yo jwenn yon po chokola sou tab la ki ta endike ke fanmi lan t’ap bwè anvan trajedi a rive. Jiskaprezan okenn kòz lanmò a pa konfime ofisyèlman, men plizyè moun nan kominote a ap avanse ipotèz ki ta tèt koupe ak yon zak pwazònman.
Selon temwayaj kèk rezidan, dènye fwa yo te wè fanmiy sa, se te nan dimanch Ramo, lè yo te soti legliz ansanm. Lè otorite yo rive dekouvri kò yo, yo te deja nan yon eta dekonpozisyon sa ki te rann operasyon pou transpòte yo nan mòg te rive konplike.
Yon ankèt deja louvri pou fè limyè sou sikonstans trajedi sila ki bay gwo janm tranble nan vil Fòlibète, depatman Nodès.






