Wout Jan Rabèl bloke avèk yon gro kamyon sab ki chavire depi jounen 25 mas 2026 la

03/26/2026
Jan Rabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèkredi aprè midi 25 mas 2026, yon gwo aksidan fèt nan zòn Mòn Pyefò, nan komin Jan Rabèl, kote yon kamyon ki t ap transpòte sab chavire sou wout la. Depi lè sa a, pasaj la vin totalman bloke, sa ki lakoz gwo difikilte pou moun ak machin arive sikile nan zòn nan.
Jiska maten Jedi 26 mas la, malgre plizyè ladrès kap miltipliye pou retire kamyon an, li poko deplase. Sitiyasyon sa a lakòz anpil chofè ak pasaje rete bloke, pandan aktivite ekonomik yo vin ralanti nan plizyè lokalite ki depann de aks sila ki plis chita sou deplasman ak ravitayman komès.
Daprè temwen yo, youn nan prensipal koz aksidan an se move eta wout la, ki vin pi grav depi Pyefò pase Fonzonbi, Trousobo, Fonwa rive Ginode. Popilasyon an ap lanse yon apèl bay otorite yo pou pran mezi rapid pou repare wout sa a, pou evite lòt aksidan repete.






