Ant mizè ak kouraj : 31 lane eksperyans yon chofè taksi k ap lite nan vil Pòdpè

164
0
Share:
TRiboLAND

03/24/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan vil Pòdpè, lavi chofè taksi yo ap vin de jou an jou pi difisil daprè temwayaj Maxime André, ki gen 31 lane eksperyans nan domèn nan. Li fè konnen depi plis pase twa deseni li nan aktivite transpò sa a, li deja pase 13 moto. Sepandan, li denonse move kondisyon travay yo, sitou kesyon sèvis sikilasyon an ki, daprè li, fòse chofè yo peye demand plak chak twa mwa pandan plak yo prèske pa janm disponib nan DGI. Maxime te fè deklarasyon sa yo nan mikwo Cius Media, kote li pa t kache fristrasyon li fas ak sitiyasyon an.

Anplis pwoblèm administratif yo, Maxime mete aksan sou ogmantasyon pri moto yo ki vin agrave lavi chofè yo. Li sonje lè li te kòmanse, yon moto te konn koute anviwon 12 500 goud, tandiske jodi a, pri a depase 200 000 goud. Pou li menm, chanjman sa a mete anpil presyon sou moun k ap viv nan domèn lan, sitou sila yo ki pa gen lòt sous revni.

Malgre tout difikilte sa yo, Maxime André di li rete rekonesan anvè metye taksi a. Li eksplike se gras ak aktivite sa a li rive pran swen fanmi li, peye lekòl pitit li ak menm etid inivèsitè yo. Men li admèt klèman ke sektè a ap travèse yon peryòd difisil anpil jodi a, e li lanse yon apèl pou plis konsiderasyon ak amelyorasyon nan kondisyon travay chofè yo.

Share:

Leave a reply