Evèk dyosèz Jeremi an, Joseph Gontrand Decoste plede anfavè yon klima serenite ak sekirite nan peyi Dayiti.

166
0
Share:
TRiboLAND

03 – 23 – 2026

Lèziwa, Kakas, Ayiti_____(TRiboLAND) Evèk dyosèz Jeremi an, Joseph Gontrand Decoste, nan moman pasaj li nan komin Lèziwa, premye seksyon kominal Kakas, pou peryòd 19 mas 2026 pase an, plede anfavè yon klima lapè ak sekirite pou peyi Dayiti kapab òganize bonjan eleksyon pou fasilite yon devlopman dirab.

Evèk lan, ki rekonèt soufrans ak kalamite majorite pèp ayisyen an, mande kretyen fidèl legliz katolik yo pou pa rete endiferan fas ak gro desizyon kap pwan pou avni peyi a. Li ankouraje yo mete men pou konstriksyon nouvèl Ayiti a; kote tout pitit Bon Dye kapab viv tankou moun.

Finalman, Evèk Decoste rabat pou li mande pèp ayisyen an pou toujou kenbe lafwa yo nan lapriyè yon fason pou transfòme lavi yo nan renmen yonn lòt.

Share:

Leave a reply