Bandi ki tap ransone pasajè sou wout Obòy la, jwenn bouchon yo nan men lapolis.

520
0
Share:
TRiboLAND

03/10/2026

Obòy, Ayiti______(TRiboLAND) Nan Obòy, lapolis ansanm ak popilasyon an mete anba kòd plizyè koure sangwen bandi ki te pran yon malen plezi ransone pasajè ki te konn frekante inik wout ki te Nòdwès la ak Nò peyi a.

Jodi madi 10 mas 2026 la, nan konplisite ak lapolis, popilasyon an nan vil Obòy mete men nan kòlèt plizyè san sal ki te toujou ap fè pasajè moute maswife nan dènye jou sila yo. Anpil nan yo ki pat janm pran konje, te toujou fè gro resèt, sezi paspò e menm poze aksyon malfektè sou motosiklèt.

Antouka gang sila yo pran anpil chaplèt; e se you gro kout zo lapopo fè. Lè popilasyon an pran dwa sivik li pou anpeche rejyon an diskredite fas ak eskanmòtè zam alamen ki detèmine pou koupe inik wout ki relye Nòdwès ak Nò.

Share:

Leave a reply