Tigwav dosye Jistis : Yon sesyon asiz kriminèl san asistans jiri anonse nan jiridiksyon Tigwav la pou jodi lendi 9 mas la.

03 – 09 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Dwayen tribinal sivil premyè enstans jiridiksyon Tigwav la, met Duclair Fritzner, nan yon interview li akòde bay laprès nan biwo li vandredi 06 mas 2026 lan, anonse yon sesyon asiz kriminèl san asistans jiri kap genyen pou dewoule jodi lendi 09 mas 2026 la.
Selon dwayen Duclair, tribinal la ap genyen pou tande 30 dosye ki anreta e ki bezwen jijman. Li deklare tout disposizyon deja pran nan tèt kole ak komisè gouvènman ai pakè a, mèt Danilo Valès pou fasilite bon dewoulman asiz la.
Nap raple, te dwe genyen yon sesyon asiz kriminèl san e avèk asistans jiri ki te òganize nan jiridiksyon an, nan dat premye desanm 2025 pase a; akoz grèv paketye yo, dwayen tribinal la, Duclair Fritzner te oblije repòte li pou yon lòt dat. Pandan tan sa a, prizonye yo kontinye ap kwoupi nan prizon sivil Tigwav la.






