Aprè 4 lane sant sante nan 7èm seksyon Lefò kominal Tigwav la, resi ouvè pòt li.

78
0
Share:
TRiboLAND

06 – 10 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Sou inityativ kazèk 7èm seksyon Lefò kominal Tigwav, Petion Franckel, doktè Bardette Marvelus, patè Mondor Hygin, ak notable yo, arive finalman louvri ofisyèlman sant sante Delat la ki te rete ak pòt li fèmen depi 4 lane.

Nan yon seremoni jodi madi 09 jen 2026 lan, popilasyon an ki te prezan avèk anpil kontantman pou ouvèti espas medikal sila ki te inik antite ki te toujou reponn ak bezwen sante yo. Pou yo menm, se yon inityativ ki louab. Se rezilta tèt ansanm ant kazèk rejyon an, doktè Mondor ak notable yo ki fasilite fonksyon operasyonèl sant sante Delat la yo di ki te fèmen depi 4 lane.

Abitan yo ki pa kache endiyasyon yo, deklare chak fwa yo genyen yon moun ki malad oubyen yon fanm kap akouche, pa genyen wout. Se sou branka yo te oblije pote malad yo; anplis, yo oblije pakouri anviwon 25 a 30 kilomèt pou al chache yon ti laswenyaj swa nan lopital jeneral Nòtredam Tigwav, swa nan Sen Terèz nan Miragwàn, swa nan Fondèblan oubyen Fondènèg. Abitan yo konfime ke yo depanse anpil mago pou transpòtasyon motosiklèt.

Nan sans sa a, peyizan yo mande minisitè sante piblik ak popilasyon (MSPP) pou fè tout sa ki nan pouvwa li, pou dote 7èm seksyon yon lopital ki kapab amelyore soufrans ak kalmite popilasyon an.

Share:

Leave a reply