Anplwaye bis Dinyite nan Jakmèl yo menase bloke sèvis otobis yo

139
0
Share:
TRiboLAND

03/07/2026

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Enspektè nan konpayi transpò dinyite nan vil Jakmèl, Onel Bazelais anpil moun konnen sou non Emosyon pran lapawòl nan laprès jounen vandredi 6 mas 2026 la, pou denonse desizyon direksyon jeneral konpayi an ki mete sou kote plizyè anplwaye san yo pa peye yo aryere salè yo.

Daprè Bazelais, gen kèk nan travayè sa yo ki pase plis pase 30 lane ap sèvi nan konpayi an, e li konsidere sitiyasyon an kòm yon gwo enjistis kont moun ki bay lavi yo nan sèvis la.

Militan sendikal la kritike tou fason yo fèk enstale yon nouvo direktè depatmantal Sidès nan konpayi an. Selon li, desizyon sa a pran san konsiltasyon ak anplwaye yo e li vin ogmante tansyon ki deja egziste ant pèsonèl la ak direksyon jeneral la.

Onel Bazelais fè konnen klèman, toutotan anplwaye yo pa jwenn lajan yo dwe yo, otobis konpayi diyite yo pap soti nan lari nan Jakmèl ak nan lòt zòn yo sèvi yo. Pozisyon sa a deja leve gwo enkyetid lakay itilizatè sèvis transpò piblik yo nan depatman Sidès la, ki ka sibi gwo difikilte deplasman si konfli a kontinye.

Share:

Leave a reply