Asasinay sanglan nan Akil Samdi : Yon jèn 26 lane pèdi lavi l, popilasyon an sou chòk

02/01/2026
Akil Samdi, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon dram sanglan frape depatman Nòdès la, presizeman nan lokalite Savàn Vizit, seksyon kominal Akil Samdi, samdi 31 janvye 2026 la vè 7è nan aswè. Fadelin Aristide, yon jèn gason 26 lane, tonbe anba bal apre li fin pran plizyè katouch. Daprè temwayaj moun ki te sou plas, se ta yon ajan BSAP, yo idantifye sou non Ti Kenn, ki ta responsab zak la.
Daprè enfòmasyon ki ranmase, ensidan an ta pete aprè yon altèkasyon ki te genyen ant plizyè ajan BSAP ak kèk jèn nan zòn lan, pandan selebrasyon fèt patwonal la. Ajan BSAP yo ta rive sou plas pou egzekite yon manda, men plizyè sitwayen ta opoze ak entèvansyon sa a, fè konnen lè a pa t apwopriye pou yon aksyon konsa, sa ki ta vin agrave tansyon an.
Asasinay Fadelin Aristide la leve yon vag endiyasyon nan mitan popilasyon an, ki pat pran tan pou reponn fas ak zak la. Nan kolè ak fristrasyon, plizyè moun ta mete dife sou baz BSAP ki nan zòn lan, ansanm ak plizyè kay, pami yo kay ak machin moun yo konsidere kòm prezime asasen an. Sitiyasyon an rete trè sansib, pandan popilasyon an ap mande lajistis, klète ak responsabilite sou sa ki pase a.






