KARNAVAL JAKMÈL 2026 : Lapolis mete règ fèm pou gara ti sekirite popilasyon an.

230
0
Share:
TRiboLAND

01/30/2026

Sidès, Ayiti _____(TRiboLAND) Direson Depatmantal Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) nan Sidès lan pibliye yon nòt rapèl enpòtan pou fasilite bon jan dewoulman fèt kanaval Jakmèl la. Selon nòt sa a, tout pèmi pote zam sispan soti samdi 31 janvye rive mèkredi 18 fevriye 2026. Mezi sa yo antre an aplikasyon pou pwoteje lavi sitwayen yo epi kenbe lòd piblik pandan tout peryòd festivite yo. Lapolis mande kolaborasyon tout moun pou kanaval la pase nan lapè ak disiplin.

Nan dokiman ofisyèl la, otorite lapolis yo anonse ke tout pèmi pou pote zam sispann pwovizwaman pandan kanaval la. Se sèlman polisye ki fè pati dispozitif sekirite kanaval la ki gen otorizasyon pou sikile ak zam sou yo. Mezi sa a vize diminye tout risk ensidan grav ki ta ka mete lavi patisipan yo an danje, nan yon moman kote foul moun ap rasanble an gwo kantite nan lari Jakmèl.

Anplis kesyon zam nan, lapolis entèdi itilizasyon resipyan oswa boutèy an vè sou tout tras kanaval la, yon pratik ki souvan lakòz blesi lè gen dezòd oswa aksidan. Otorite yo fè konnen nenpòt moun ki pa respekte mezi sa yo ap sibi sanksyon jan lalwa prevwa sa. Nòt sa a, ki siyen Jakmèl nan dat 29 janvye 2026, montre detèminasyon PNH pou fè Kanaval Jakmèl 2026 la tounen yon espas fèt, kè kontan ak sekirite pou tout moun.

Share:

Leave a reply