Blokis san parèy nan Pòdpè : Yon ti lapli, gwo kalamite

01/29/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi jedi 29 janvye 2026 la, vil Pòdpè reviv yon lòt moman difisil aprè anviwon 15 minit lapli ki tonbe ant 3è ak 4è nan aprè midi. Yon lapli ki pa t dire lontan, men ki sifi pou plonje vil la nan yon sitiyasyon dezolan.
Plizyè katye tankou Sitè Maxo, Labèl Plas, Latandri, chan avyasyon an, Bò Wonpwen, Nan Zakari ak Demelis te anba dlo. Dlo a anvayi wout yo, bloke pasaj, mete machin, motosiklèt ak pyeton nan gwo difikilte pandan tout moun t ap chèche rantre lakay yo nan panik.
Sitiyasyon sa a te lakoz yon blokis san parèy, ak anpil moun ki te rete kole sou wout yo pandan plizyè èdtan. Sikilasyon te vin prèske enposib, sa ki ogmante tansyon ak enkyetid nan mitan popilasyon an.
De jou an jou, Pòdpè, yo konn rele Site Kapwa Lamò a, ap degrade pi plis, pandan otorite lokal ak nasyonal yo sanble ap gade pwoblèm lan ak bous fèmen, je yo pete klere, san mezi konkrè pou pote solisyon dirab kont inondasyon ki tounen kochma pou vil la.






