Foulay : Group manb konseye prezidansyèl yo kontinye ap vann piblik la yon fo imaj leadership fas ak swadizan yon mouvman pou pouse do PM Alix Didier Fils-Aimé a

290
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Malgre kantite dega ou domaj ireparab KPT a koze payi Dayiti, malgre deriv ak kòripsyon li montre nan souse manmèl bèf la san gade dèyè, sa pa anpeche antite politik sila ap fè wondonmon nan mete yon bout nan manda li ak nan manipile opinion piblik la.

Gwoup ki swadizan montre veleyite pou voye an eta disponiblite PM Alix Didier Fils- Aimé a, pa sispann afiche deriv ak dilatwà. Pèsepsyon atifisyèl leadership ke yo ap eseye vann popilasyon an, pa mwens ke yon timoun kap fè jwèt manje tè. Yon sous ki pwòch sèktè sila ki regrèt “tout kalite bèchon jwaye” ak “rakèt” pozisyon an te toujou fasilite yo, ta konfime bay TRiboLAND ke annafè egri “tout pou yo” yo, ap aji depaman fas ak kriz ke yo kreye a.

Enfòmasyon ki rive nan sal edisyon nouvèl TRiboLAND ta fè konnen ke antite kap rele chalbarik dèyè Premye mins lan, ap fè anpil demach pèsonèl anba anba bò kote chèf Primati a, yon fason pou entèsede bò kote responsab ameriken yo pou pa peze twòp gaz sou gachèt la. Konsa, yo estime pou kantite presyon ke yo ap pran bòte fanmiy yo, avèk kè sote pou yo pa “maduro” yo, se plis yon nesesite pou Didier garanti yo yon sòti ki pap genyen reprezaj aprè 7 fevriye 2026 la.

Efè sanksyon yo, bay anpil tèt vire ak malmakak familyàl. Kòm se yon seri sankoutcha politik, yo pa arive vann piblik la yon pi bon pèsepsyon leadership. Se yon seri kansè ki te asèpte grenpe sou pouvwa a an makònn apatrid e kandale ou pyafe nan basen kòripsyon nan plizyè nivo san gade dèyè. Objektif pou repwodwi tèt yo a, anvan sòti yo, pa arive reyisi. Se te yon tantativ pou fasilite pouvwa a bay yon lòt group kòwonpi tradisyonèl, ki kapab asire yo yon kouvèti sekirite kap pèmèt oken antite legal pap pouswiv yo.

Antouka, demach pou montre ke se nan moman sila yon fè prèv bon patriyòt, pa arive vann byen nan grenn je popilasyon viktim nan. Kritik yo ta menm ale pi lwen, se yon seri kriminèl ki pa genyen oken remò pou enkonpetans yo ak sansiblite pou yon pèp ak yon peyi yo deplimen jis nan zo. Kidonk, si efektivman nou vle fè peyi, se yon seri kòwonpi ki pa ta dwe menm benefisye 2 ou 3 èdtan libète pouf è fas ak LAJISTIS nasyonal ou entènasyonal aprè 7 fevriye kap vini la.

Avni yo enplike yo tris, fas ak yon seri dispozitif legal ke Washington deja etabli pou pouswiv tout kalite richyen ak politichyen rasi do kale ki genyen grenn zanno yo lakay li. Li plis ke pare pou “maduro” tout kansè ak men long ki ta menm tante kanpe ankwa pou Ayiti pa pran yon souf depi dig dantan!

Enel Richard

Share:

Leave a reply