Kafou lanmo Jeremi – Okay : yon wout malè pandye ki kòz anpil aksidan sikilasyon.

180
0
Share:
TRiboLAND

01 – 25 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi plizyè ane zonn Kafou lanmò, nan lokalite Jebo ki relye oto-wout Jeremi – Okay, reprezante yon gro malè pandye pou kondiktè veyikil yo sitou moun kap mal kondwi motosiklèt yo. Pa genyen preske yon jou ki pase pou zònn nan pa konnen swa yon aksidan machinn ou moto.

Nan jounen vandredi 23 Janvye 2026 lan, yon moto twa wou pase pwan Kazèk twazyèm seksyon kominal Jeremi an, pwofesè Leo Decheno ki arive genyen 2 pye l kase nan zònn Jebo, Kafou Lanmò. Nan menm jounen sila, enjenyè Toussaint Jean Kensky ta pral mouri sou plas nan menm Kafou lanmo a, nan yon aksidan moto nan moman 2 moto fè kolizyon.

Ki donk fason kondiktè yo ap kondwi sou wout nasyonal nimewo sèt lan; san okenn pridans lakòz anpil aksidan ki retire lavi moun ou koze anpil domaj kòporèl nan yon moman kote ke lopital Sentantwann pa anmezi pou reponn ak sèvis ijans yo.

Fas ak tout pwoblèm sila yo , manm popilasyon an, atravè divès komin depatman Grandans lan, mande kondiktè veyikil yo, fè prèv plis pridans sou wout nasyonal nimero sèt lan, ak lòt wout segondè yo atravè depatman Grandans lan. Konsa, kantite aksidan yo ap kapab diminye. Malè avèti pa touye kokobe. Se mèt kò, ki veye kò!

Share:

Leave a reply