Kou Dapèl Gonayiv : Frè Nikel Rekipere Libète Li Aprè 11 Mwa Dèyè Bawo

06/30/2026
Gonayiv, Ayiti _____(TRiboLAND) Se avèk anpil kè kontan ak soulajman plizyè sitwayen nan vil Pòdepè akeyi nouvèl liberasyon Nikel Jean, ke anpil moun konnen sou non Frè Nikel, jodi madi 30 jen 2026 la nan Kou Dapèl Gonayiv. Liberasyon sa a mete fen ak yon peryòd difisil kote li te pase anviwon 11 mwa nan prizon Pòdepè ak Gonayiv.
Frè Nikel te enplike nan yon dosye ki te gen rapò ak ansyen polisye Luckenson César, alyas Majis, ki te jwenn ak yon zam nan men li e ki te deklare zam sa a se te pou Frè Nikel li te ye. Dosye sa a te soulve anpil kesyon ak deba nan mitan popilasyon an pandan tout tan pwosesis jidisyè a t ap dewoule.
Nan kominote a, anpil moun pa kache satisfaksyon yo apre desizyon tribinal la. Frè Nikel te byen konnen nan milye espòtif la kòm Sekretè Jeneral Lig Foutbòl Pòdepè a, kote li te konn kolabore aktivman nan devlopman aktivite foutbòl yo nan rejyon an. Anpil moun espere li pral reprann aktivite li yo epi kontinye sèvi kominote a tankou li te konn fè anvan arestasyon li.






