Sou akizasyon malfektè, yon gwoup endividi nan komin Wozo mete sou sitwayen Issac Gary.

223
0
Share:
TRiboLAND

01-22 – 2026

Komin, Wozo______(TRiboLAND) Pandan jou sa yo lavi moun pa genyen okenn enpòtans , anba je otorite polisyè ak lajistis yon gwoup endividi kèlkonk deside touye moun sou senp akizasyon malfektè, nan komin Wozo, zonn katryèm seksyon Gomye. Endividi sila yo kap fè lalwa, akize pèsonaj Gary Issac kòm malfektè ou djab kap bay moun kout poud.

San oken fòm pwosè, kriminèl malfwa yo bastone anba chaplèt Gary, jiskaske yo touye li e mete dife sou li anba je otorite jidisyè ak polisyè yo .

Madanm viktim lan ak pitit gason l kap reklame jistis li, mande otorite konsène yo, pou rann fanmiy lan ti moso jistis, pandan ke yo egzije sektè vodou ak sèktè dwa moun yo nan Grandans pou akonpaye fanmi Issac nan tout demach ki vize jistis ak reparasyon sou tout fòm.

Anplis, fanmi viktim lan denonse konpòtman pasif polisye yo nan komisarya Wozo a, malgre yo te enfome, men ki pat fè okenn entevansyon pou te sove lavi Issac Gary.

Share:

Leave a reply