Nan komin Wozo, abitan yo nan katryèm seksyon Gomye bloke wout nasyonal nimero sèt lan

05- 07- 2026
Wozo, Ayiti_____(TRiboLAND) Sitiasyon an toujou rete konplike sou wout nasyonal nimero sèt; manm popilasyon an nan katryèm seksyon Gomye depi plizyè jou drese barikad sou wout lan, yon fason pou egzije ministè travo piblik transpò ak kominikasyon rezoud pwoblèm rivyè Wozo a, ak lanmè ki pa sispann anvayi yon bon pati nan wout lan. Konsa, konstènasyon ou laperèz ap anfle nan kè abitan yo nan Gomye.
Mouvman sa a ke manm nan popilasyon katryèm seksyon Gomye antrepwann lan, genyen gro konsekans sou lòt komin depatman Grandans lan, akòz absans lib sikilasyon machinn kap soti Pòtopwens- Okay ki pa kapab dekoule pwodwi premye nesesite yo, menmjan ak sila yo kap soti nan Grandans pou al nan lòt depatman jewografik peyi a.






