Grèv Anseyan paralize aktivite lekòl yo madi 20 janvye 2026 la

268
0
Share:
TRiboLAND

01/21/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Aktivite lekòl yo paralize nan plizyè zòn maten madi 20 janvye 2026 la, akoz grèv anseyan yo lanse pou jounen an.

Sendika anseyan yo, KOPLASÈK, te adrese plizyè lekòl prive nan vil la pou mande yo fè solidarite ak mouvman grèv la. Yon apèl ki jwenn bon repons, kote plizyè lekòl non piblik fèmen pòt yo, tandiske lòt yo te oblije ranvwaye elèv ki vini maten an.

Grèv sa a sitou konsène anseyan lekòl piblik yo, ki kontinye ap revandike pi bon kondisyon travay, ogmantasyon salè, peman aryere salè, ansanm ak nominasyon anseyan ki gen plizyè ane ap travay san yo pa janm touche regilyèman.

Pou kounye a, pa gen okenn anons ofisyèl ki fèt sou posib negosyasyon ant otorite yo ak sendika anseyan yo. Pandan lekòl piblik yo fin kraze nan depatman Nòdwès la.

Share:

Leave a reply