S.O.S Enèji pou lopital kominal Answouj ki trouve l nan depatman Latibonit.

248
0
Share:
TRiboLAND

01/20/2026

Answouj, Ayiti _____(TRiboLAND) Lopital Kominal Ans-Wouj ap viv yon kriz grav depi plizyè mwa akoz pwoblèm kouran ki repete chak swa. Nan moman doktè ak enfimyè yo dwe fè pansman, bay swen ijans oswa konsilte malad, yo oblije itilize flach telefòn pou fè limyè. Sitiyasyon sa a mete lavi pasyan yo nan gwo danje epi rann travay pèsonèl medikal la ekstrèmman difisil.

Nan yon komin kote lopital la se prensipal sant sante pou popilasyon an, mank enèji sa a pa akseptab. San limyè, pa gen bon swen, pa gen sekirite, pa gen diyite nan sèvis sante yo. Kriz sa a mande yon repons ijan, paske chak minit ka koute yon lavi.

Se poutèt sa nou menm moun Answouj lanse yon apèl solidarite bay tout pitit Answouj ki nan dyaspora a, òganizasyon ak moun ki gen bon kè. Pou mete tèt ansanm pou bay lopital la yon jeneratè oswa yon sistèm solè dirab, yon fason pou asire kouran regilye. M ap patisipe, w ap patisipe, ansanm n ap sove lavi, se konsa moun Answouj lanse tchalenndj lan.

Share:

Leave a reply