Pòdpè : Otorite yo rankontre pwopriyetè otèl ak ba pou konbat delenkans lakay jèn yo

229
0
Share:
TRiboLAND

01/17/2026

Pòpde, Ayiti _____(TRiboLAND) Responsab Byennèt Sosyal nan Pòdpè, Mèt Gamas Estimond, ansanm ak Chèf Pakè jiridiksyon an, Mèt Jeir Pierre, te rankontre pwopriyetè otèl ak responsab ba nan vil Pòdpè, nan kad batay kap mennen kont delenkans lakay jèn yo.

Rankont sa a te dewoule nan lokal Delegasyon Pòdpè a, kote plizyè dizèn pwopriyetè ak responsab biznis te pran pati ladan l. Objektif prensipal inisyativ la se te mete aksan sou responsablite pwopriyetè otèl ak ba yo genyen nan pwoteksyon timoun ak adolesan, sitou sa ki poko gen 18 lane.

Nan entèvansyon yo, otorite yo fè konnen gen yon seri mezi ki egziste deja pou entèdi timoun ki pa gen laj legal yo frekante ba, otèl ak lòt espas lwazi ki pa adapte ak laj yo, paske aktivite sa yo kapab mete avni yo an danje. Yo ensiste sou nesesite pou responsab biznis yo kolabore ak Leta, nan respè lwa yo, pou limite pratik ki favorize devyasyon ak delenkans lakay jèn yo.

Daprè responsab yo, inisyativ sa a se yon avan-gad ki vize ranfòse patenarya ant otorite leta yo ak sektè prive a, afin pou asire yon pi bon kad pwoteksyon pou timoun yo. Yo raple pwopriyetè otèl ak ba yo ke angajman yo enpòtan anpil nan batay pou garanti yon jenerasyon jèn ki an sekirite epi responsab.

Otorite yo pwofite mande tout aktè nan kominote a pou mete tèt ansanm pou konbat delenkans lakay jèn yo, yon fenomèn ki, daprè yo, menase avni sosyete a si li pa jwenn repons apwopriye.

Share:

Leave a reply