Èntènasyonal Polis Chaplen Dwa Moun, egzije revokasyon komisè Eno Zéphirin pou zak vyolans sou moun

270
0
Share:
TRiboLAND

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè gwo deblozaj ki enplike eksesiv abi otorite ak move tretman komisè vil Kap Ayisyen an sou yon sitwayen, Internationale Police Chaplen Dwa Moun, egzije vit e prese, revokasyon Eno Zephirin.

Yo lonje dwèt sou komisè Zephirin pou zak krabinay ak vyolans sanginè li fè sou Emmanuel Lendi nan vil Okap. Konsa, sangwen ki fè lawont, montre li pat pran anyen nan lekòl lalwa ak larèg. Konsa, se sa yo bliye yo pa di komisè Zéphirin sou rezo sosyàl yo aprè sikilasyon video vyolans sila, ki montre yon lòt fwa ankò dimansyon vyolans otorite ap pèpetre sou sitwayen nan depatman Nò peyi.

Nan sans sa, òganizasyon èntènasyonal Polis Chaplen Dwa Moun, kap feraye anndan peyi Dayiti, egzije ke yo voye an eta disponiplite Zéphirin ki konpòte’l an Goril ou Gwo Yenyen nan leve men sou sitwayen. Yo ale pi lwen pou yo mande otorite konsène yo pran responsablite nan deriv sila yo kap miltipliye anndan peyi a.

Genyen anpil posiblite pou Eno Zéphirin al fè fas ak lajistis, pou pwatik leve men sou moun ak move tretman.

Share:

Leave a reply