Minis touris ayisyen an realize yon vizit ekplorasyon nan Grandans, nan objektif pou relanse ensdistri touristik lan nan depatman an.

245
0
Share:
TRiboLAND

01 – 10 – 2026

Grandans, Ayiti_______(TRiboLAND) Minis Touris lan, ekonomis minis touris ayisyen an, John Eric Dessouce realize yon vizit ekplorasyon nan Grandans, nan objektif pou relanse ensdistri touristik lan nan depatman an, akonpanye kèk manm kabinè l, nan tèt kole avèk direktè depatmantal touris Grandans lan, enjenyè Pierre Michel Jeanty, realize yon vire won atravè kèk komin sit touristik Grandans lan.

Objektif vizit te chita plis sou evalyasyon diferan zòn ak potansyalite touristik ki kapab fasilite touris lokal ak etranje.
Nan okazyon vizit sila, minis Dessouce te pwofite rankontre ak divès majistra ak sèktè endistri touristik nan diferan komin. Li te fè sèten, ke yo okouran yon seri inityativ ke leta ayisyen antreprann yon fason pou bay sèktè touristic la jarèt pou yon developman ekonomik ki djanm.

Nap sinyale ke minis John Erick Dessouce te pwofite vizite travay reyabilitasyon lokal ki loje biwo depatmantal ministè touris la nan Grandans.

Share:

Leave a reply