Travay sou pon Ebenezè soulve kòlè popilasyon an nan Ri D. Estimé

226
0
Share:
TRiboLAND

01/06/2026

Pòdpe, Ayiti _______(TRiboLAND) Nan lannwit 5 janvye 2026 la, plizyè sitwayen leve kanpe nan Ri D. Estimé, nan vil Pòdpe, pou eksprime dezakò yo kont fason travay sou pon Ebenezè a ap fèt. Manifestan yo kritike bòs travay yo ki deja kòmanse kofre pon an, yo estime estrikti a twò ba e li pa bay garanti sekirite pou kominote a.

Daprè entèvansyon moun ki sou plas yo, nivo pon an pa adapte ak reyalite zòn nan, sitou lè yo konsidere gwo kantite dlo DINEPA konn lage. Yo fè konnen deja, menm anvan gwo lapli, dlo a konn flote epi menase pou rache kofraj la, sa ki fè yo pè konsekans grav lè sezon lapli rive.

Plizyè sitwayen souliye tou gen mank nan travay de baz yo, sitou nan preparasyon tè a ak ranfòsman estrikti a, alòske zòn kote pon an ye a se yon aks wout kote anpil pwa lou pase chak jou. Daprè yo, neglijans sa yo ka lakoz pon an kraze rapidman oswa mete lavi moun an danje.

Fas ak sitiyasyon an, popilasyon an lanse apèl bay enjenyè MTPTC a nan Nòdwès, Direktè Angelo Horacius pou yo repanse pwojè a. Yo mande pou travay la fèt ak plis refleksyon teknik, yon fason pou vil Pòdpe jwenn yon pon ki solid, dirab, epi ki kapab sèvi kominote a san risk.

Share:

Leave a reply