Prezidan Chanm Komès Nòdwès la bat bwavo lakontantman pou lansman ofisyèl twonson wout Pòdpè – Ansafolè a.

1,389
Jordan

03-16-2023

Prezidan Chanm Komès Nòdwès la, mesye Jordan, bat bwavo pou demaraj pwojè konstriksyon wout sila ke li estime ki pral genyen anpil enpòtans anba je sektè zafè a, nan depatman Nòdwès la.

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou prezidan Chanm Komès Nòdwès la akòde TRiboLAND, msye Jordan montre gwo kontantman li genyen swit ak demaraj ofisyèl pwojè a konstriksyon wout Pòdpè – Ansafolè a; epi tou li tou pwofite lanse yon apèl ak tout kouch viv nan depatman Nòdwès la, pou yo tchoule politik yon bò, yon mannyè pou nòdwès kapab reyisi ti lo sa a.


Prezidan an avanse poul di, li enpòtan pou sosyete sivil la ak tout lòt aktè konsène yo pran yon angajman paralèl ak estaf teknik kap òganize pwojè a, pou wè nan ki fason yo kapab akonpanye yo, sitou nan founi je gade.

Angajman sa a, pral pèmèt pou repete prezidan Chanm Komès Nòdwès la, si tout fwa konstriksyon wout la ta vin bloke; yap deja konnen kòz la, san pesòn pap akize pesòn.

Enpasyan poul viv inogirasyon pwojè wout sila, Jordan fini poul di, pi gwo satisfaksyon li se swete wè patisipasyon li nan inogirasyon pwojè konstriksyon twonson wout sila, kap sòti Pòdpè pou al bout Ansafolè.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.