Pou rezoud kriz lopital kominotè Dam Mari a, minis sante piblik lan ak direktè depatmantal lan chita pale ak diferan aktè yo.

245
0
Share:
TRiboLAND

01- 06- 2026

Dam Mari, Ayiti_______(TRiboLAND) Aprè plizyè mwa kriz tout kalite nan lopital kominotè Dam Mari a, ki te afekte bon fonksyonnman espas la nan delivre laswenyaj pou kominote a, minis sante piblik lan ak popilasyon an, doktè Sinal Bertrand, akonpaye direktè depatmantal sanitè Grandans lan, doktè Pierre Boutròce Gally, chita pale ak pèsonèl sanitè yo, ansanm ak notab nan kominote Dam Mari a.

Objektif yon parèy chita tande, se degaje yon konsansis ki kapab fasilite yon solisyon pou bon fonksyonnnan lopital lan, ki genyen kapasite pou ofri popilasyon an preske tout sèvis debaz sanitè yo antanke lopital referans kominotè (HCR).

Aprè tout diskisyon nan chita pale yo, minis Bertrand ak direktè Pierre adopte yon desizyon ki akouche yon konsèy twa manm kap genyen pou relouvri lopital lan rapid vit pou redemare ak sèvis medikal yo, e diminye kantite timoun, granmoun, fanm ansent, ak jènn moun pa kontinye mouri akòz konfli enterè gwoup ak politik.

Nan desizyon sila, minis lan chwazi twa pwofesyonèl ki se : doktè Felizard Guslin, doktè Causante Pierre, Yves Marie Pierre ki ise yon jesyonè, ki genyen pou misyon retabli otorite leta a, ak bay kominote a sèvis apwopriye yo.

Share:

Leave a reply