Dram nan Okap : Popilasyon an jwenn De moun mouri nan yon machin devan ponp Gaz Nasyonal

12/18/2025
Kap Ayisyen _____(TRiboLAND) Yon gwo chòk frape vil Kap Ayisyen, sitou nan zòn Charye, anfas estasyon Gaz Nasyonal la, kote otorite yo dekouvri de kò san vi nan yon machin koulè blan, ki pote plak BB-35325. Dekouvèt sa a fèt nan lannwit mèkredi 17 desanm 2025, aprè plizyè jou enkyetid ak rechèch fanmi yo.
Daprè temwayaj kèk sitwayen, machin nan te deja kanpe depi lendi devan estasyon gaz la san okenn mouvman. Se apre santiman sispèk ak alèt popilasyon an ke otorite yo entèvni. Apre konsta jij, yo idantifye gason an kòm Fénelon Wisly, yo rele l Bòs Kwochi, yon mekanisyen byen koni, ki te gen 42 lane. Fanm ki te avè l la idantifye kòm Roselande Charles, yon fanm ki sòti Pòdepè, nan depatman Nòdwès.
Selon enfòmasyon ki disponib yo, fanmi Fénelon Wisly t ap chèche l depi anviwon twa jou, san okenn nouvèl sou li, jiskaske dekouvèt dramatik sa a fèt. Lapolis presize ke lanmò yo poko klè nèt, men ankèt la deja louvri pou fè limyè sou sikonstans trajedi a.






