Mike Larose lanse yon inisyativ pou restore pye pon 3 Rivyè a : yon parèy objektif vize sipò 999 sitwayen konsekan

11/17/2025
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Pon 3 Rivyè a, youn nan pi enpòtan aks sekirite ak devlopman ant Chèf Lye Depatman an ak Ba Nòdwès la, kontinye degrade chak jou ki jou. Fas ak silans otorite yo, yon sitwayen pran desizyon leve vwa li pou evite dram ou katastwòf.
Nan yon mesaj li pibliye piblikman, sitwayen Mike Larose anonse li pran angajman kòm premye kontribitè nan yon gwo kanpay finansman pou kapab restore pye pon 3 Rivyè a ki menase efondre. Li lanse yon apèl bay 999 lòt moun ki gen volonte nan site Kapwà Lamò a, nan dyaspora a, tankou nan tout rès depatman Nòdwès la pou yo mete men ansanm pou sove pasaj estratejik sila.
Selon deklarasyon li, objektif la se rasanble 1000 kontribitè ki pral bay 150 dola ameriken chak, pou pèmèt inisyativ la rive sou pye.
“ANN SOVE PON 3 RIVYÈ A! LETA PA DESIDE FÈL… ANN FÈL! Mwen se premye a, li rete 999 moun pou nou arive fè ateri yon parèy objektif.” Se sa Mike Larose ekri.
Li kontinye pou’l di: se yon pwosesif kap transparan e ki ap byen òganize; pou garanti konfyans ak transparans, inisyativ la prevwa plizyè etap klè tankou:
• Kreye yon baz done enfòmatik pou anrejistre non tout moun ki enterese yo, ansanm ak dat ak mòd kontribisyon yo.
• Ouvèti yon kont tanporè nan yon enstitisyon finansyè serye pou kolekte tout fon yo, ak rapò piblik sou mouvman lajan yo. Seleksyon 5
òganizasyon de baz ki anrejistre legalman pou reprezante popilasyon an nan tout pwosesis la.
• Yon rankont tripartit ant òganizasyon yo, Leta lokal la ak Direksyon depatmantal ki konsène yo pou chwazi yon konpayi prive ki pral
egzekite travay restorasyon an.
• Kreyasyon yon komite 5 moun ki pral jere inisyativ la, sipèvize etap yo, epi garanti bon jan redi kont kominote a.
Yon apèl lanse pou tout moun ki kwè nan devlopman. Inisyativ sa a sòti nan yon volonte sitwayèn pou rezoud yon pwoblèm enfrastrikti ki afekte plizyè milye moun chak jou. Pou Mike Larose, se yon egzanp klè sou fason popilasyon an kapab pran destin li an men lè otorite yo rete endiferan.
Li envite tout moun ki enterese nan pwosesis la ekri l dirèkteman pou yo antre nan bazdone a epi resevwa enfòmasyon sou fason pou fè kontribisyon yo.
Akote risk ki egziste pou sikilasyon an ak lavi moun yo, apèl sa vin sou pye kòm yon solisyon rapid, pratik epi solid pou evite pi ta pi tris. Pon 3 Rivyè a nan yon pwen kritik. Men avèk yon solidarite djanm, solisyon an plis ke posib.






